Haitian Creole Bible

Psalms 28

Psalms

Return to Index

Chapter 29

1

 ¶ Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 

 


2

 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a! 

 


3

 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a. 

 


4

 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'! 

 


5

 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo. 

 


6

 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf. 

 


7

 Vwa Seyè a fè zèklè. 

 


8

 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble. 

 


9

 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. 

 


10

 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan. 

 


11

 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze. 

 


Psalms 30

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: