Haitian Creole Bible

Psalms 47

Psalms

Return to Index

Chapter 48

1

 ¶ (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 

 


2

 (48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 

 


3

 (48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 

 


4

 (48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 

 


5

 (48:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 

 


6

 (48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 

 


7

 (48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 

 


8

 ¶ (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 

 


9

 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 

 


10

 (48:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 

 


11

 (48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 

 


12

 (48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 

 


13

 (48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen 

 


14

 (48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba. 

 


Psalms 49

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: