Haitian Creole Bible

Psalms 63

Psalms

Return to Index

Chapter 64

1

 ¶ (64:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (64:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo. 

 


2

 (64:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo. 

 


3

 (64:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon. 

 


4

 (64:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen. 

 


5

 (64:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou? 

 


6

 (64:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè. 

 


7

 ¶ (64:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese. 

 


8

 (64:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz. 

 


9

 (64:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè. 

 


10

 (64:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li. 

 


Psalms 65

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: