Haitian Creole Bible

Proverbs 11

Proverbs

Return to Index

Chapter 12

1

 ¶ Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. 

 


2

 ¶ Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan. 

 


3

 ¶ Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. 

 


4

 ¶ Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 

 


5

 ¶ Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. 

 


6

 ¶ Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje. 

 


7

 ¶ Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la. 

 


8

 ¶ Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan. 

 


9

 ¶ Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. 

 


10

 ¶ Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray. 

 


11

 ¶ Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. 

 


12

 ¶ Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo. 

 


13

 ¶ Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa. 

 


14

 ¶ Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè. 

 


15

 ¶ Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo. 

 


16

 ¶ Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann. 

 


17

 ¶ Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje. 

 


18

 ¶ Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd. 

 


19

 ¶ Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. 

 


20

 ¶ Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. 

 


21

 ¶ Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou. 

 


22

 ¶ Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. 

 


23

 ¶ Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt. 

 


24

 ¶ Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. 

 


25

 ¶ Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan. 

 


26

 ¶ Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo. 

 


27

 ¶ Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. 

 


28

 ¶ Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò. 

 


Proverbs 13

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: