Haitian Creole Bible

Proverbs 18

Proverbs

Return to Index

Chapter 19

1

 ¶ Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. 

 


2

 ¶ Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm. 

 


3

 ¶ Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye. 

 


4

 ¶ Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou. 

 


5

 ¶ Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti. 

 


6

 ¶ Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè. 

 


7

 Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou! 

 


8

 ¶ Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen. 

 


9

 ¶ Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri. 

 


10

 ¶ Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg. 

 


11

 ¶ Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal. 

 


12

 ¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden. 

 


13

 ¶ Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete. 

 


14

 ¶ Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa. 

 


15

 ¶ Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou. 

 


16

 ¶ Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri. 

 


17

 ¶ Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. 

 


18

 ¶ Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo. 

 


19

 ¶ Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan. 

 


20

 ¶ Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. 

 


21

 ¶ Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive. 

 


22

 ¶ Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò. 

 


23

 ¶ Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou. 

 


24

 ¶ Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo. 

 


25

 ¶ Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans. 

 


26

 ¶ Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li. 

 


27

 ¶ Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja. 

 


28

 ¶ Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste. 

 


29

 ¶ Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann. 

 


Proverbs 20

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: